Nou se yon ekip pwofesyonel nan sante mantal apiye pa UNICEF ak api CODOPSI, nou ofri asistans sikolojik apre enpak konfinman pou pandemi kowonaviris la COVID-19.
Liy familyal
Li disponib chak jou epi li aksesib pou tout moun (fi, gason ak adolesan) nan Repiblik Dominikèn.
Ou ka pale avèk nou an tout konfyans, sou nenpòt sijè ou vle a.
Nou pa pral pase ou lòd ni di w sa ou dwe fè.
N’ap tande sa wap di yo, epi n’ap ede w jwenn solisyon.
Chak jou nou sipòte moun ki nan sitiyasyon sa yo, konsa wap ka fè nou konfyans.
Ou ka kontakte nou nan nenpòt kilè lajounen oubyen lannwit sou nimewo: 809-636-3507. Nou ka rele tou pa WhatsApp.
Ou kapab pale avèk nou sou sit entènèt https://lineafamiliar.do/ht/ nou an, oswa, voye yon mesaj tèks nan nimewo sa : 809-636-3507.
Pa enkyete nou, tout sa ou w’ap di’n ap rete konfidansyel.